Sèvis Konplè
Nitrisyon
Pou asire timoun nou yo gen bon enèji nan kò yo pou yo patisipe nan tout aktivite nou yo, nou bay yo bon gou dejene, manje midi ak ti goute apremidi nourisan. Tibebe yo resevwa manje lè yo mande -- epi nou bay lèt an poud ak kouchèt!
Sante Mantal ak Andikap
Triumph bay tès depistaj devlopman ak sosyal/emosyonèl pou chak timoun pou ede idantifye timoun ki gen bezwen konplèks. Deteksyon bonè se kle pou ede pitit ou a atenn tout potansyèl li. Nou travay an kolaborasyon avèk fanmi yo pou idantifye pi bon pwogram ak resous posib pou pitit ou a.
Sante
Triumph kwè yon bon kòmansman lekòl posib sèlman avèk yon kò ki an sante. Tès vizyon, tande ak pwa ap asire pitit ou a sou bon chemen pou yon devlopman ki an sante. Nou kolabore ak paran yo pou asire vaksen yo, egzamen fizik yo ak egzamen dantè yo ajou.
Resous ak Referans
Yo bay chak fanmi yon Espesyalis Angajman Fanmi oswa yon Vizitè Lakay. Patenarya inik sa a ede fanmi yo idantifye epi atenn objektif pou tèt yo ak pitit yo. Espesyalis Angajman Fanmi an oswa Vizitè Lakay la ede w tou jwenn aksè a resous nan kominote a.